Numbers 31:6
Moyiz voye douzmil gason sa yo al fè lagè. Li voye ak yo Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, ki t'ap pote veso Bondye yo ak twonpèt pou bay siyal yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Yo atake moun Madyan yo jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo touye tout gason yo.
Cross References
Numbers 10:8Se prèt yo, pitit gason Arawon yo, ki pou kònen twonpèt yo. Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan, de pitit an pitit.
Numbers 14:44Pèp la fè tèt di, yo moute moute yo sou mòn yo pou yo seye antre nan peyi a. Men, ni Bwat Kontra Seyè a, ni Moyiz pa deplase kote yo te ye nan kan an.
Numbers 33:20Yo kite Rimonn Perèz, y' al moute kan yo Libna.
Joshua 6:4Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, setyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo.
1 Samuel 4:4Se konsa yo voye kèk moun lavil Silo. Yo pran Bwat Kontra Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Yo pote l' vini. Tout de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te la ansanm ak Bwat Kontra a.
1 Samuel 14:18Lè sa a, Sayil di Akija konsa: -Pwoche ak Bwat Kontra Bondye a isit. Li te di sa paske jou sa a se Akija ki t'ap pote bwat la devan pèp Izrayèl la.