Numbers 32:11
Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te soti kite peyi Lejip p'ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen,
Bib La
In The King James Version
In Context
10Jou sa a, Seyè a te move anpil sou yo. Li sèmante, li di konsa:
Cross References
Numbers 14:23Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a.
Numbers 14:28Men sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m' vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre.
Numbers 26:64Pami yo pa t' gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a.
Deuteronomy 2:14Nou pran trantwitan pou nou mache soti Kadès Banea jouk nou rive janbe lòt bò ravin Zerèd la. Pandan tout tan sa a, mezi gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te gen tan mouri, jan Seyè a te di li t'ap fè a.