Numbers 32:22
enben, apre tout peyi a va tonbe anba men Seyè a, n'a tounen vin lakay nou, paske n'a fin fè tou sa nou te dwe fè pou Seyè a ak pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout peyi ki bò isit la va rele nou pa nou devan Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Seyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an.
Cross References
Deuteronomy 3:12Lè nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la pòsyon ki soti bò lavil Awoyè a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mòn Galarad la avèk tout lavil ki ladan yo.
Joshua 1:15Lè Seyè a va fin fè yo pran peyi a pou yo, lè l'a fin ba yo yon kote pou yo viv ak kè poze, menm jan li te fè l' pou nou an, se lè sa a atò n'a tounen nan peyi ki pou nou an. Wi, n'a vin rete nan peyi pa nou an, peyi Moyiz, sèvitè Bondye a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve.
Joshua 10:30Seyè a lage lavil la ansanm ak tout wa a nan men moun pèp Izrayèl yo. Yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la san yo pa kite anyen chape. Li fè wa a menm sa li fè wa Jeriko a.
Joshua 11:23Jozye te pran tout peyi a, jan Seyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l' pa l'. Li separe l', li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pa t' gen goumen ankò.
Joshua 13:29Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.
Joshua 22:4Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden.