Numbers 35:2
-W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 25:32Moun Levi yo menm ap gen lavil pa yo apa. Yon moun Levi ap toujou gen dwa reachte kay ki te pou li nenpòt kilè.
Joshua 14:3Moyiz te gen tan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pa t' bay moun fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan tè sa yo.
Joshua 21:2Lè sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chèf fanmi Levi yo di yo: -Seyè a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lòd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bèt nou yo jwenn manje.
2 Chronicles 11:14Moun Levi yo te kite bèt yo nan savann ak tout lòt byen yo, yo desann lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, paske Jewoboram, wa peyi Izrayèl la ak tout wa ki te vin apre l' yo, te enpoze moun Levi yo fè sèvis yo tankou prèt Seyè a.
Ezekiel 45:1Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a.
Ezekiel 48:8Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè soti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap soti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan.