Numbers 35:6
Nan lavil n'a bay moun Levi yo, gen sis ladan yo ki va sèvi pou bay moun ki touye moun pwoteksyon. Apa sis lavil sa yo, n'a bay moun Levi yo karannde lòt lavil ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Antou, se pou nou bay moun Levi yo karantwit lavil ak tout savann pou bèt yo.
Cross References
Numbers 35:13Nan lavil n'a bay moun Levi yo, sis va sèvi pou bay moun konsa pwoteksyon,
Joshua 20:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou yo chwazi lavil kote moun ka jwenn pwoteksyon, jan mwen te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
Joshua 21:13Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo,
Joshua 21:27Pou moun Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo.
Joshua 21:36Apre sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa,
Psalms 9:9(09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.