Numbers 5:15
nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l' ka konn verite a.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Apre sa, prèt la va fè madanm lan pwoche vin kanpe devan lotèl Seyè a.
Cross References
Leviticus 2:1Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l' fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l'a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l'a mete lansan sou li tou.
1 Kings 17:18Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri.
Hosea 3:2Se konsa, m' al achte yon fanm k'ap fè adiltè, mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik lòj pou li.