Numbers 6:5
Pandan tout tan li fè ve pou l' viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa koupe cheve nan tèt li, ni fè labab. Se pou l' kenbe ve a pandan tout tan l'ap viv apa nèt pou Bondye a, jouk lè tan ve a bout. Se pou l' kite cheve nan tèt li pouse byen long san li pa janm koupe yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav moun mouri,
Cross References
Judges 13:5Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.
Judges 16:19Dalila fè dòmi pran Samson sou jenou l', li fè rele yon nonm ki koupe sèt très cheve Samson yo ra. Epi li seye fè fòs ak li. Men Samson te pèdi tout fòs li.
Lamentations 4:7Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pa t' genyen. Yo te anfòm, yo te gwonèg. Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo!