Philippians 1:15
Gen ladan yo k'ap fè konnen Kris la paske jalouzi moute yo nan tèt, yo ta renmen ban m' traka. Se vre. Men, gen lòt tou k'ap fè l' ak bon lide nan tèt yo.
Bib La
In The King James Version
Some indeed preach Christ even of envy and strife; and some also of good will:
In Context
Cross References
Acts 5:42Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pa t' janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.
Acts 8:35Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a.
Acts 10:36Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze.
Romans 16:17M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.
1 Corinthians 3:3Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.
2 Corinthians 1:19Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pa t' anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawòl. Okontrè, se wi ase Jezikri di pou Bondye.