Philippians 1:6
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
5poutèt jan nou te ede m' gaye bon nouvèl la, depi premye jou a jouk koulye a.
Cross References
John 6:29Jezi reponn yo: Sèl travay Bondye mande nou pou n' fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.
Acts 16:14Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di.
1 Corinthians 1:8Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Seyè nou an, va rive.
2 Corinthians 2:3Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m' te fè l' la: mwen pa t' vle pou lè m' rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m' lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m' kontan, nou tout nou kontan tou.
2 Corinthians 9:4Ala wont mwen ta wont si, pou lè moun peyi Masedwan yo ta vin ansanm avè m', yo ta jwenn nou pa pare! Jan m' te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont!
Ephesians 2:4Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,