Philippians 2:14
Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,
Bib La
In The King James Version
Do all things without murmurings and disputings:
In Context
Cross References
Exodus 16:7Denmen maten, n'a wè ki kalite pouvwa Seyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se sou Bondye n'ap bougonnen.
Psalms 106:25Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a.
Proverbs 15:17Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.
Mark 9:33Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: -Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an?
Acts 6:1Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje epi ki te pale lang grèk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dèske vèv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fè chak jou a.
Acts 15:7Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: Frè m' yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m' nan nou tout pou m' anonse bon nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l' pou yo rive kwè nan Bondye.