Proverbs 10:13
Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
14Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen.
Cross References
Exodus 10:12Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite.
Proverbs 6:32Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li.
Proverbs 10:10Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont.
Proverbs 10:31Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt.
Proverbs 15:23Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!
Proverbs 17:10Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt.