Proverbs 10:19
Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.
Bib La
In The King James Version
In the multitude of words there wanteth not sin: but he that refraineth his lips is wise.
In Context
Cross References
Job 11:2-Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.
Proverbs 11:12Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li.
Proverbs 12:23Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
Ecclesiastes 5:1Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal.
Ecclesiastes 10:13Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di.
James 3:2Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou.