Proverbs 10:9
Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.
Bib La
In The King James Version
He that walketh uprightly walketh surely: but he that perverteth his ways shall be known.
In Context
8Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.
Cross References
Genesis 17:1Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
Psalms 23:4Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.
Psalms 26:11Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.
Proverbs 3:23W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
Proverbs 28:1Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon.
Isaiah 33:15Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal.