Proverbs 11:17
Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò.
Bib La
In The King James Version
The merciful man doeth good to his own soul: but he that is cruel troubleth his own flesh.
In Context
18Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.
Cross References
Job 20:16Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'.
Psalms 41:1(041:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (041:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray.
Psalms 112:4Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
Proverbs 22:9Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.
Isaiah 32:7Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis.
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.