Proverbs 12:10
Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray.
Bib La
In The King James Version
A righteous man regardeth the life of his beast: but the tender mercies of the wicked are cruel.
In Context
Cross References
Genesis 33:13Men Jakòb reponn li: -Mèt mwen, ou konnen jan timoun yo fèb. Epi, fòk mwen pa bliye fenmèl mouton ak manman bèf yo ki nouris. Si m' fè yo mache twòp yon sèl jou, se kont pou yo tout mouri.
Numbers 22:28Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa:
Deuteronomy 25:4Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l' manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou.
1 Samuel 11:2Men, Nakach reponn yo: -M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont.
John 4:11Fanm lan di li: Msye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a?
James 2:13Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.