Proverbs 14:30
Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
Bib La
In The King James Version
A sound heart is the life of the flesh: but envy the rottenness of the bones.
In Context
29Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
Cross References
1 Kings 21:6Akab reponn, li di li: -M' pale ak Nabòt, nonm Jizreyèl la. Mwen mande l' pou l' vann mwen jaden rezen l' lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lòt pou li. Men, li di m' li p'ap ban mwen jaden l' lan.
Psalms 112:10Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
Proverbs 3:8Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.
Proverbs 12:4Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
Acts 7:9Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf.
2 Timothy 1:7Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.