Proverbs 15:25
Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.
Bib La
In The King James Version
The LORD will destroy the house of the proud: but he will establish the border of the widow.
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.
Job 24:21Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo.
Psalms 10:14Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.
Psalms 52:5(052:7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
Psalms 138:6Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.
Proverbs 12:7Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la.