Proverbs 16:18
Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
Bib La
In The King James Version
Pride goeth before destruction, and an haughty spirit before a fall.
In Context
19Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
Cross References
Judges 11:28Men, wa moun Amori yo pa t' koute mesaj Jefte te voye ba li a.
Esther 6:6Lè Aman antre, wa a di l' konsa: -Ki pi bèl bagay m' ta fè pou yon moun mwen ta renmen remèsye pou sèvis li rann mwen. Aman di nan kè l': Pa gen lòt moun wa a ta renmen remèsye pase mwen menm!
Proverbs 11:2Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
Proverbs 18:12Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.
Isaiah 2:11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 37:38Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason l' yo ki te rele Asaradon, ki te vin moute wa nan plas li.