Proverbs 16:7
Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'.
Bib La
In The King James Version
When a man’s ways please the LORD, he maketh even his enemies to be at peace with him.
In Context
8Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.
Cross References
Genesis 27:41Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
2 Chronicles 17:10Tout gouvènman peyi ki te vwazen ak peyi Jida a te sitèlman pè Seyè a, yo yonn pa chache fè lagè ak wa Jozafa.
Ezra 8:36Yo pran tout dokiman wa a te ba yo, yo renmèt prefè wa yo ak gouvènè yo ki reskonsab pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Se konsa, tout chèf sa yo vin ede pèp la, yo bay konkou yo pou tanp Bondye a.
Jeremiah 15:11Seyè, se pou tout madichon yo rive m' vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pa t' plede avè ou pou tout lènmi m' yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sak pa bon.
Acts 9:1Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la.