Proverbs 17:11
Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'.
Bib La
In The King James Version
An evil man seeketh only rebellion: therefore a cruel messenger shall be sent against him.
In Context
Cross References
2 Samuel 15:12Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis.
2 Samuel 18:15Apre sa, dis jenn sòlda ki t'ap pote zam Joab yo tonbe sou Absalon, yo fin touye l'.
2 Samuel 20:1Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!
1 Kings 2:24Seyè a vivan. Se li menm ki mete m' chita sou fotèy David, papa m' lan. Li kenbe pwomès li, li mete m' chèf. Lèfini, li di se pitit mwen ki pou chèf apre m'. Mwen fè sèman nan non Seyè a, se pou Adonija mouri jòdi a menm.
1 Kings 2:46Apre sa, wa a pase Benaja, pitit Jeyoada a, lòd. Benaja soti, l' al touye Chimeyi. Se konsa Chimeyi mouri. Depi lè sa a, Salomon te gen tout pouvwa a nan men l'.
Matthew 21:41Yo reponn li: Li p'ap gen pitye pou yo. La fè touye malveyan sa yo, la pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l' pòsyon pa l' nan rekòt la lè sezon an va rive.