Proverbs 18:6
Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou.
Bib La
In The King James Version
A fool’s lips enter into contention, and his mouth calleth for strokes.
In Context
5Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.
7Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.
Cross References
Proverbs 12:16Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann.
Proverbs 14:3Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.
Proverbs 16:27Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
Proverbs 17:14Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.
Proverbs 19:29Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.
Proverbs 22:24Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.