Proverbs 19:13
Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete.
Bib La
In The King James Version
A foolish son is the calamity of his father: and the contentions of a wife are a continual dropping.
In Context
12Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
Cross References
2 Samuel 13:1Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li.
Proverbs 10:1Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn.
Proverbs 17:17Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.
Proverbs 17:25Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'.
Proverbs 21:19Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen.
Proverbs 27:15Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.