Proverbs 19:7
Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
6Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.
8Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.
Cross References
Psalms 38:12(038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
Psalms 88:18(088:19) Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.
Proverbs 14:20Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.
Proverbs 19:4Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.
Proverbs 27:10Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
Luke 18:38Li pran rele: Jezi, pitit David la, pitye pou mwen.