Proverbs 2:3
Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.
Bib La
In The King James Version
Yea, if thou criest after knowledge, and liftest up thy voice for understanding;
In Context
2Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.
Cross References
1 Kings 3:9Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?
Psalms 25:4Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!
Psalms 119:73Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.
Psalms 119:169Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.
Proverbs 4:1Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.
Luke 11:13Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.