Proverbs 20:11
Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.
Bib La
In The King James Version
Even a child is known by his doings, whether his work be pure, and whether it be right.
In Context
10Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
12Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
Cross References
2 Chronicles 34:3Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.
Psalms 58:3(058:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
Proverbs 22:15Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.
Luke 1:15L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.
Luke 2:46Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo keksyon tou.