Proverbs 20:15
Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè.
Bib La
In The King James Version
There is gold, and a multitude of rubies: but the lips of knowledge are a precious jewel.
In Context
14Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè.
Cross References
Job 28:18Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.
Proverbs 3:15Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
Proverbs 8:10Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.
Proverbs 10:20Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen.
Proverbs 15:23Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!
Proverbs 16:21Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.