Proverbs 21:11
Lè yo pini yon moun ki renmen pase lòt nan betiz, se yon leson pou moun ki pa gen lespri. Men, moun ki gen bon konprann, lè yo pale avè l', li vin gen plis konesans.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pesonn.
12Bondye pa nan patipri, li konnen sa k'ap pase anndan kay mechan yo. Li fè malè tonbe sou yo.
Cross References
Numbers 16:34Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di: -Ann kouri pou tè a pa vale nou tou.
Deuteronomy 21:21Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou piga yo.
Proverbs 1:5Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,
Proverbs 15:14Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.
Proverbs 18:15Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou.
Acts 5:5Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil.