Proverbs 21:25
Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou.
Bib La
In The King James Version
The desire of the slothful killeth him; for his hands refuse to labour.
In Context
Cross References
Proverbs 6:6Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.
Proverbs 12:27Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li.
Proverbs 15:19Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'.
Proverbs 20:4Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'.
Proverbs 24:30Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.
Proverbs 26:16Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.