Proverbs 22:13
Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.
Bib La
In The King James Version
The slothful man saith, There is a lion without, I shall be slain in the streets.
In Context
12Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.
14Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.
Cross References
Numbers 13:32Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pèp Izrayèl la. Yo t'ap di: -Peyi nou ta l' vizite a, peyi nou ta l' chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wè la se moun ki wo anpil.
Proverbs 19:15Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.
Song of Solomon 5:3Mwen gen tan wete rad sou mwen, Ou ta vle m' mete rad sou mwen ankò? M' gen tan lave pye m'. Ou ta vle m' mete yo atè ankò?