Proverbs 23:10
Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.
Bib La
In The King James Version
Remove not the old landmark; and enter not into the fields of the fatherless:
In Context
11Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.
Cross References
Deuteronomy 27:17-Madichon pou moun ki deplase bòn tè yon moun pèp Izrayèl parèy li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
Job 22:9Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.
Job 24:9Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo.
Psalms 94:6Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.
Jeremiah 7:5Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.
Jeremiah 22:3Mwen menm Seyè a, m'ap mande nou pou nou fè sa ki dwat, pou nou rann jistis san patipri. Se pou nou wete moun y'ap peze yo anba men moun k'ap peze yo a. Pa malmennen moun lòt nasyon ki lakay nou yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo. Pa pwofite sou yo. Pa touye moun inonsan isit la.