Proverbs 23:21
Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.
Bib La
In The King James Version
For the drunkard and the glutton shall come to poverty: and drowsiness shall clothe a man with rags.
In Context
20Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.
22Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.
Cross References
Deuteronomy 21:20Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis.
Proverbs 18:9Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.
Proverbs 21:17Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan.
Ecclesiastes 10:18Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.
Joel 1:5Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.
1 Corinthians 6:10moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a.