Proverbs 23:26
Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.
Bib La
In The King James Version
My son, give me thine heart, and let thine eyes observe my ways.
In Context
25Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.
27Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.
Cross References
Deuteronomy 6:5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.
Psalms 119:2Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!
Proverbs 3:1Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.
Proverbs 4:23Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
Hosea 14:9Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l' san anyen p'ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
Luke 14:26Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen.