Proverbs 25:12
Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.
Bib La
In The King James Version
As an earring of gold, and an ornament of fine gold, so is a wise reprover upon an obedient ear.
In Context
11Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
Cross References
1 Samuel 25:31wi, lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan règrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse deske ou te mete san moun deyò san rezon osinon deske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Seyè a va beni ou, tanpri pa bliye m'.
Psalms 141:5Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
Proverbs 9:8Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.
Proverbs 15:31Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann.
Proverbs 27:5Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.