Proverbs 25:15
Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.
Bib La
In The King James Version
By long forbearing is a prince persuaded, and a soft tongue breaketh the bone.
In Context
16Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi.
Cross References
Judges 14:9Li pran ti moso gato myèl nan men l', li manje ladan l' antan l'ap fè rès vwayaj la. L' al jwenn manman l' ak papa l', li ba yo rès gato myèl la, epi yo manje. Men, li pa t' di yo se nan kadav lyon an li te pran l'.
1 Samuel 25:24Apre sa, li lage kò l' nan pye David, li di l' konsa: -Tanpri, chèf mwen, ban m' pèmisyon pale avè ou. Tout fòt la se pou mwen. Koute sa m'ap di ou.
Proverbs 15:1Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite.
Proverbs 16:32Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.