Proverbs 26:21
Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.
Bib La
In The King James Version
As coals are to burning coals, and wood to fire; so is a contentious man to kindle strife.
In Context
20Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.
22Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
Cross References
2 Samuel 20:1Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!
1 Kings 12:20Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.
Proverbs 10:12Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
Proverbs 29:22Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.