Proverbs 31:9
Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.
Bib La
In The King James Version
Open thy mouth, judge righteously, and plead the cause of the poor and needy.
In Context
8Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.
10Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
Cross References
Deuteronomy 1:16Lè sa a, men sa mwen te mande chèf nou yo pou yo fè: Chache konnen lè gen kont nan mitan pèp la. N'a regle tout kont yon moun ka gen ak frè parèy li osinon ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. N'a fè sa san patipri.
2 Samuel 8:15David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l' dwat.
Job 29:15Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.
Psalms 72:1Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!
Proverbs 16:12Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
Isaiah 1:17Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz timoun ki san papa ak fanm ki pèdi mari yo.