Proverbs 4:10
Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.
Bib La
In The King James Version
Hear, O my son, and receive my sayings; and the years of thy life shall be many.
In Context
9Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.
11Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.
Cross References
Deuteronomy 6:2Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan.
Proverbs 2:1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
Proverbs 3:16Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
Proverbs 19:20Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
John 3:32L'ap di sa l' wè, sa l' tande. Men, pesonn pa asepte mesaj li.
1 Timothy 1:15Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout.