Proverbs 4:2
Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.
Bib La
In The King James Version
For I give you good doctrine, forsake ye not my law.
In Context
3Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.
Cross References
Deuteronomy 32:2Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k'ap tonbe sou zèb gazon.
2 Chronicles 7:19Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,
Job 33:3M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale.
Psalms 89:30(089:31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,
Proverbs 8:8Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi.
John 7:16Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan.