Proverbs 6:18
se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal,
Bib La
In The King James Version
An heart that deviseth wicked imaginations, feet that be swift in running to mischief,
In Context
17Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan,
19se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.
Cross References
Psalms 36:4(036:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
Proverbs 15:26Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch.
Isaiah 59:7Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.
Micah 2:1Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.
Romans 3:15Ti krik ti krak, se fè san koule.