Psalms 1:2
men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit.
Bib La
In The King James Version
But his delight is in the law of the LORD; and in his law doth he meditate day and night.
In Context
Cross References
Joshua 1:8Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.
Job 23:12Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
Psalms 88:1(088:1) Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. (088:2) Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!
Psalms 112:1Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!
Psalms 119:11Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.
Psalms 119:35Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.