Psalms 1:3
Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
2men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit.
4Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye.
Cross References
Genesis 39:23Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t' bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
Deuteronomy 28:8Seyè a va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an.
2 Kings 18:7Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li.
1 Chronicles 22:13Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè.
2 Chronicles 32:23Anpil moun vini lavil Jerizalèm pote ofrann pou Seyè a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lè sa a tout lòt nasyon nan vwazinaj yo respekte Ezekyas.
Job 22:28Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.