Psalms 10:1
Poukisa ou rete lwen konsa, Seyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka?
Bib La
In The King James Version
Why standest thou afar off, O LORD? why hidest thou thyself in times of trouble?
In Context
Cross References
Job 13:24Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?
Job 34:29Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.
Psalms 22:1(022:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (022:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
Psalms 30:7(030:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.
Psalms 44:25(044:26) Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.
Psalms 88:14(088:15) Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?