Psalms 10:4
Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo.
Cross References
Exodus 5:2Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote.
Job 22:17Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?
Psalms 18:27(018:28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
Psalms 36:1(036:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (036:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
Psalms 73:11Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?
Proverbs 6:17Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan,