Psalms 101:3
M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
2M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen?
4Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan.
Cross References
Exodus 20:17Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
Deuteronomy 13:17Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Seyè a. Se konsa Seyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo.
Joshua 23:6Se pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l'.
1 Samuel 15:11-Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a.
1 Kings 21:2Yon jou, wa Akab di Nabòt konsa: -Ban m' jaden rezen ou lan pou m' ka fè yon jaden legim. Li toupre kay mwen. m'a ba ou yon lòt jaden rezen ki pi bon pase sa a. Osinon si ou pito, m'a ba ou yon bon pri pou li.
Psalms 14:3Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.