Psalms 101:5
M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan.
Cross References
Exodus 23:1Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan.
1 Samuel 2:3Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè.
Psalms 10:2Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan.
Psalms 18:27(018:28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
Psalms 138:6Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.
Proverbs 10:18Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san konprann.