Psalms 102:1
(0102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (0102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.
Bib La
In The King James Version
Hear my prayer, O LORD, and let my cry come unto thee.
In Context
Cross References
Exodus 2:23Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
1 Samuel 1:15Ana reponn li: -Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni ankenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m' bay Seyè a. Se rakonte m'ap rakonte Seyè a lapenn mwen.
2 Chronicles 30:27Apre sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.
Psalms 12:5(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
Psalms 39:12(039:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.
Psalms 42:4(042:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.