Psalms 102:14
(0102:15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.
Bib La
In The King James Version
For thy servants take pleasure in her stones, and favour the dust thereof.
In Context
Cross References
Ezra 1:5Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm.
Ezra 7:27Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.
Nehemiah 2:3Mwen reponn li: -Mwen swete pou monwa viv lontan! Men, ki jan pou m' fè pa kagou lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè dife fin boule tout pòtay li yo?
Nehemiah 4:2Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l' yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: -Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la.
Nehemiah 4:10Men, moun peyi Jida yo t'ap plede di: -Nou fin fèb nan pote chay! Gen twòp vye ranblè pou n' netwaye! Nou p'ap janm fin rebati miray sa a!
Psalms 79:7Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a.