Psalms 102:20
(0102:21) pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo.
Bib La
In The King James Version
To hear the groaning of the prisoner; to loose those that are appointed to death;
In Context
Cross References
Exodus 2:23Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
Deuteronomy 26:15Rete nan syèl la, nan kay ki apa nèt pou ou a, voye je ou gade pèp ou a. Beni pèp Izrayèl la ansanm ak tè ou te ban nou an dapre pwomès ou te fè zansèt nou yo. Beni peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.
2 Kings 13:22Azayèl, wa peyi Siri a, te maltrete pèp peyi Izrayèl la pandan tout reny Joakaz.
Job 24:12Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo.
Psalms 146:7Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.