Psalms 102:22
(0102:23) lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.
Bib La
In The King James Version
When the people are gathered together, and the kingdoms, to serve the LORD.
In Context
23(0102:24) Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'.
Cross References
Genesis 49:10Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
Psalms 72:8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Isaiah 52:8Faksyonnè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Seyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an!
Isaiah 60:3Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.
Zechariah 8:20Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yon lè gen pou rive moun va soti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm.
Romans 15:19Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou.