Psalms 103:18
pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.
Bib La
In The King James Version
To such as keep his covenant, and to those that remember his commandments to do them.
In Context
19Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Numbers 15:40Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an.
Deuteronomy 6:6Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a.
Deuteronomy 7:12Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo.
Psalms 25:10Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.
Psalms 132:12Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.